Haiti Pale

   Haïti palé, li di nou sa-k nan kè-l

Nom pa-m sé Haïti. Sé Indien yo ki té rélé-m konsa.

Lè Panyòl débaké, mwen vi-n Espaniola.

Pou Francé yo, mwen sé Saint-Doming. Désalin koupé sa.

Têt koupé. Kay boulé. Mwen répran-n nom indien-m. Mwen renmen sa.

Yo touyé Désalin. Dépi lè sa-a, ma-p pran kou san rété:

Koripsyon, vòlè lajan ak bien léta, déchèpiyè yo débòdé.

Mwen fi-n dépafini. Bri Kouri, nouvèl gayé: Haïti ap soufri.

Yo touyé présidan-an lakay li. Menm moun fou sézi.

Rèl pété nan pèp la. Anpil moun ap krié: Haïti pa gen chans!

Espri zansèt nou yo, Koté nou yé? vi-n ban nou délivrans!

Yon vwa lévé pou-l di:" zansèt nou yo fè pati pa yo déja,

Sé nou-k pou kanpé, fanm kou gason, pou-n goumen jodi-a."

Méchan yo tonbé ri. Genyen ki gen kravat, genyen ki gen sapat.

Sa-k gen kravat yo, sé vié rat do kalé ki makonnen ak chat.

Yo nan tout mové kou sou do pèp la, pou yo fè plis lajan.

Yon pati nan komès. Sa-k gen monopòl yo, sé yon bann malvéyan.

Lòt yo, sé politicien roulé-m dé bò k’ap manjé nan tout gouvènman:

Sénatè, dépité, opozan. Toujou menm figi yo. Yon pakèt dégoutan.

Yon lòt koté, bandi ak sapat yo k’ap aji pi mal pasé zannimo,

Jwen-n zam ak minisyon nan men bandi ak kravat yo.

Anpil moun di sé Blan ki dèyè gro brigandaj nan péyi-a.

Pa gen manti nan sa. Blan yo tout koté. Yap fè anpil déga.

Nan tout péyi yap piyé, restavek yo sé moun ou pa ta kwè:

Dirijan, politicien ak inivèsitè koronpi, men-m dròg dilè.

Blan-an sèvi ak moun sa yo, pou-l simayé dézòd ak mizè.

Apré, li di la-p bay kout men. Li voyé mèsénè. Tout moun wè klè.

Li joué ròl incendiè ponpié. Dòmi yon jé fèmen yon jé louvri ;

Mècénè yo renmen fè kadéjak, e yap simen tout vié maladi.

Sé gro mizè ki mété yo déyò. Alò, kòm yo di:" mèt kò, véyé kò."

Nou tout konnen, pi gro koupab yo, sé méchan ki nan zantray mwen yo.

Sé yo ki ouvri pòt pou Blan détripé-m. Yo gen pò pou bato.

Yo gen pis pou avion. Frontiè sé pa palé. Yo nan konkòday ak bandi yo.

Men, fò-m di tou koté espwa-m kanpé: mwen gen kèk bon pitit.

Sa-k lakay, sa-k lòt bò dlo. Doulè-m sé doulè yo. Yo gen anpil mérit.

Yo pa jan-m fè-m ront. Yo kinbé dignité-m, men-m si-m nan men méchan.

Yo pa gen “kromozòm koripsion.” Tout moun pa men-m. Kit ou Nwa Kit ou Blan.

Nou tout Ki lòt bò dlo, yo rélé diaspora, kinbé la pa lagé.

Mwen konnen na-p tan-n lè, pou-n kapab antré

Men-m jan nou té kon-n fè-l pa tèlman lontan.

Na-p antré pou-n vi-n wè-m ak anpil kè kontan.

Dépi-n rivé, nou tout pra-l profité pou-n bwè akasan,

Manjé labapin, chan-m chan-m, yon bon tiaka,

Ton-m ton-m, dous makòs, may boukannen ak zaboka,

Sapoti, kokoyé olé, kachiman, grénadin, zabriko,

Korosòl, pòm Kajou, Kaymit, kénèp, mango,

Lam véritab, mazonbèl, konparèt, doukounou,

Kasav kokoyé, bougonnen, jinjanbrèt, joumou,

Yon bon té citronèl, mélis, bazilik, é latrié.

Oui, sé vré, nous présé pou-n vi-n banbilé.

Na-p kapab al nan Sid, na-p kapab al nan Nò.

Travèsé mòn kabrit san kè soté, é sitou san lanmò,

Benyen nan lan mè, nan basen, nan riviè, tout koté.

Ti promnad nan plen-n, nan mòn, sou bêt ou bien à pié.

Lè sa-a, tout kriminèl, asasen, kidnapè, ap gen dlo nan jé.

Ya-p sènen yo an wo, ya-p sènen yo anba. Ya-p rélé anmwé.

Tout sa-m di yo gen pou yo fèt, lè pèp la lévé kanpé,

Li mété pié-l à tè, li fi-n déchennen. Sé lè sa-a ma-p délivré.

Penga nou boulé kay, ni komès méchan yo. Ya-p vi-n pou léta.

Dé koté ap tan-n yo : anba tè oubien prizon. Pa gen fè pa.

Dépi lindépandans, nou mèt kwè-m, pa-p gen pi bèl viktwa.

Men, nan lè sa yo, pa blié gen bon milat ak bon Blan

Ki renmen-m anpil. Onoré yo tout ak bèl ochan.

Pa gadé koulè po. Sa-k konté, sé sa moun nan fè sou tè-a.

Sé oligak yo ak lòt bandi yo, ki dwé péyé jou sa-a.

Tribinal, prizon, lékòl, men-m palè-a pra-l rébati.

Mété têt nou ansan-m. Mwen bézwen yon répi.

Si yon lidè parèt e li jwen-n sipò nou, na-p kapab wè jou sa-a.

Mwen di nou sa-k nan kê-m, li pa nécésè pou-m di nou pasé sa.

Gérard Gène

Leave a Reply

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.