YON DÈNYE RÈL AVEK EMELINE MICHEL !
‘’Si w’ konnen jan m gen lapenn
Lè m’wè w’kouche sereng nan venn;
Anpil prezidan a vi vivi,
Ti sousou fin souse w
Haisseman move santiman
Fè’n manje men k’ba nou manje
Sa ki rive moun yo la,
M’pa rekonèt Hispaniola.
Santo Domingo bingo
W’a di w’ leve na premye lo
A kote w, nou tout nan dlo
Boyo tounen ti jouèt yoyo
Haiti Thomas pèdi wout
W’a di’n te chwazi move bout
Men anpil chaj la pi lou
M’santi kè’m lou, m’santi m’jalou.
Pè letènel oh bon bèje
Pwoteje la vi mwen
Du haut du ciel w’a voye je
Vòlò fin ak peyi mwen
Fò w dwe ret’on grenn solysyon
Fò w sove la situation
Ayez pitié mon bon berger
M’anvi viv nan peyi mwen
Si w konnen jan m gen lapenn
Lè m wè tout moun di w’gen devenn
Ou on pa Kita w’on pa Nago
La dwog mechanste a gogo
On lòt syèk ap kouri dèyè n’
Move je detounen priyè n’
Haiti manman cheri
Men nou chita wè w’ap peri
Pè letènel, oh bon berger…
Manvi viv nan peyi mwen.’’
Mwen renmen peyi mwen…
MEZANMI, MEZANMI, KOZE A RÈD TOUT BON!
Depi djab te kaporal, pou jouk jounnen jodya,
Nou pòko janmen wè, nou pòko janmen viv koze konsa.
Manman pèdi pitit, madanm pèdi mari;
Malere ap tonbe, fò w di se grenn lapli.
Malfèktè, malveyan depatcha peyi a
Lougaou tout koulè vole gran lajounen.
Men, se rat kay yo menm kape manje pay kay.
Vwazinay toupatou rantre nan briganday.
‘’Jou va, jou vyen, jou kondanasyon’’.
‘’Jou fey tonbe nan dlo, se pa jou li pouri’’.
‘’Gen yon jou pou chasè, gen yon jou pou jibye’’
‘’Larouze fè banda touttan solèy pa leve’’.
GTG/ avril 2024