4 JE KONTRE, MANTI KABA

KAT JE KONTRE, MANTI KABA

‘’Larouze fè banda touttan solèy pa leve’’. Depi ti kòkonm tap goumen ak berejèn, nan peyi Dayiti tankou nan peyi etranje, zotobre nan leta, granpalto nan Komès, dignitè nan légliz, tout majòjon sayo touye pèp yo anba manti.  Paske tou senpleman, se yon sèl lide ki nan tèt yo, se domine ak fè lajan. Yo pa rekile devan anyen pou yo realize vye anbisyon malonèt yo. 

Lè nou konsidere  listwa limanite, nou remake yon latriye  mechanste ak enjistis ki anvironnen relasyon,  osibyen moun ak moun ke rapò ki devlope peyi avek peyi, kominote ak kominote. Nan relasyon sayo, nan devlopman rapò sayo, nou konstate  leplisouvan se gro kap vale piti, se pi fò kap kraze pi fèb. Pèsòn pa ka di li pa sonje latriye lagè ki pete yonn dèyè lòt nan peyi arab yo, swadizan pou demokrasi. Peyi Siri, Venezula, Palestine, Ayiti ak anpil lòt pran pou pa chape nan  briganday kaze-brize pou tabli tout bon vre Lòd mondyal tou nèf la.

Lè bagay yo degrengole  depase mezi, yo deside pran  yon kanpo. Bel òganizasyon ak bel deklarasyon enstale toupatou. Elas ! Nan de-tan-twa-mouvman, tout mechan leve kanpe ; dezòd blayi pirèd.

Men gon lè ki rive, Abwaam di ‘’sètase’’. Gade m nan je, map gade w nan je ; tout volè demaske, tout manti dwe kaba. Soley la klere pou nou tout ; konèsans ak sajès, se byen limanite ke nou dwe pataje an tout fratènite. Baryè avek frontyè, se zafè rayisans. Renmen, se sel solisyon. Renmen, se sel espwa.                                             GTG/ me 2024

RENMEN, RENMEN    (Poème mis  musique par Sydney Guillaume)

Tande, tande…

Lanmou pa gen koulè, lanmou pa gen baryè.

Renmen, renmen.

Sitwayen toupatou, nou tout nou konsène,

Tout venn yo touche kè, nou se limanite.

Lanmou pa gen koulè, lanmou pa gen chèlbè ;

Lanmou san prejije depase tout baryè.

Rayisans ak Vyolans se pi gro maladi, 

Mechanste ak lagè pa kreye paradi.

Se renmen ak tout kè ki ka pote lapè.

Renmen se solisyon, lanmou pa gen koulè,

Lanmou se sèl espwa, lanmou pa gen chèlbè.

Se renmen ak tout kè ki ka pote lapè.

Lanmou se solisyon. Renmen se sèl espwa.

Notre monde angoissé, envahi par la peur

Ne cesse de frapper aux portes du bonheur.

Que vous soyez puissant, mendiant ou misérable,

Donner de son amour demeure incomparable.

Tande, tande…

Lanmou pa gen koulè, lanmou pa gen baryè.

Lanmou pa gen chèlbè…

GTG/ Août 2018

Leave a Reply

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.